Odinatè yo itilize yon pwotokòl pou yo ka kominike sou entènèt, se pwotokol TCP/IP (Tranfert Control Protocol/Internet Protocol). Pwotokol sa a tranche tout enfomasyon yo moso pa moso pou l ka voye yo nan bon adrès la, li fè moso yo pase soti nan yon woutè al nan yon lot sou tout planèt la jiskaske li voye yo nan adrès korèk la. Otomatikman yo rive nan bon adrès la tout moso yo rasanble jan yo te ye a, pou transmèt enfomasyon yo.
Donk, nou pral modifye kèk paramèt sou Windows la pou nou ka fè entènèt la vin pi rapid tankou: TTL, MTU, RWIN, cache DNS.
Men tout sa nou pral fè:
- Teste pèfomans koneksyon entènèt ou a
- Modifye TTL(Time To Live)
- Chèche MTU(Maximum Transmission Unit)
- Kalkile RWIN(Receive Windows)
- Aplike nouvo paramèt yo
- Reteste koneksyon w lan
Teste pèfomans koneksyon entènèt ou a
Ale sou sit sa pou w ka konnen bannpasant ou oubyen teste koneksyon w lan :http://mire.ipadsl.net
Klike sou « Testez votre ligne ADSL pour connaitre votre bande passante »
Apre yon ti tan l’ap afiche enfomasyon sou koneksyon w la
Mwen souliye bannpasant lan an jon, note sa w jwenn pou koneksyon paw la paske nouy sevi avel
Modifye TTL(Time To Live)
Enfomasyon yo avan yo rive nan bon adres la, pase nan bann kantite woute oubyen adres, kantite sa se li ki koresponn ak TTL(Time To Live). Pa defo, Windows fikse kantite sa a 32 adres, li te ka bon wi men si w al sou yon sit ki bezwen 33 adres pou transfere done yo, bwoze w ap di w sit sa inaksesib. Pou sa pa rive mete kantite a 128 adres kelkeswa koneksyon ou genyen.
Chèche MTU(Maximum Transmission Unit)
MTU se pi gwo kantite pake done ki tranfere sou rezo w la; si kantite tro piti fow ta voye plis, Si’l two gwo rezo ap two chaje lap vin lan. Pou w fe entenet ou vin rapid ou bezwen cheche konn kantite a.
Ale klike sou Start, sur All Programs,> Accessories,> Command Prompt
Nam fenet ki ouvri a tape komann sa: ping –f –l valeur_MTU_de_test www.accesshaiti.com
Ranplase vale_MTU_de test pa yon kantite e mete adres sit konpayi ki founi w abonman entenet la nan plas
www.accesshaiti.com..
Eseye soti nan yon kantite 1400 a 1450 vale MTU
Pa m nan se 1450 kantite optimal MTU, paske se kantite sa le m mete li pa mande pou defragmante l men lot yo pa bon
Kounyea note kantite pa w sou yon ti papye paske ou pral travay avel.
Selon votre configuration
Modem/routeur a koneksyon USB
Ajoute 28 sou vale ou te jwenn nan
MTU=1450+28=1478
Modem/routeur a koneksyon RJ45
Ajoute 20 sou vale w te jwenn nan
MTU=1450+20=1470
Kounye a ou jwenn MTU optimal : 1470
Kantite sa yo ka varye selon kofigirasyon w lan.
Kalkile RWIN (Receive Windows)
RWIN(Receive Windows ) se kantite done odinate w ka aksepte san pa bezwen konfime sil jwenn yo. Tank kantite sa piti se tank odinate ap bezwen konfime l e sa konsome anpil bannpasant. Men yon lot bo tank kantite anpil se tank odinate ap kite done pase san pa voyre konfimasyon.
Men koman pou kalkile RWIN ou an
Retire nan MTU a 40
Sa bay:
1470-40=1430
Pou w jwenn RWIN nan w’ap miltipliye vale w jwenn nan pa 44 apre sa pa 4
1430X44=62920
62920X4=251680
Kounyea ou jwenn RWIN optimal ou a(251328), note vale sa.
Aplike nouvo paramèt yo
Pou w ka fe sa Telechaje e enstale Tweakdun sa:http://www.labo-microsoft.org/d/?id=11043
Ouvri Tweakdun
Ale nan advanced


