Kòman pou m ekri powèm ?

Red Rose

English | Español | Français
Èske w te janm anvizaje genyen premye pri nan yon konkou pwezi ? Menm si w pa powèt, ekri yon bon powèm ki pale de nenpòt bagay ou renmen, se pa yon travay difisil jan w ka panse sa. An reyalite, ekri powèm pa vini ak yon manyèl oswa yon gid. Ekri powèm soti tou dwat nan kè w.
Woz wouj
Chita, pran yon kreyon ak yon fèy papye blan e fè yon ti refleksyon. Kisa w panse kounye a ? Ki pi gwo pwoblèm ou ap andire ? Ki pwoblèm mond lan ap rankonte kounye a ? Si w pa santi w enspire kounya a, pa fòse ekri. Se bagay ki pi mal ou te ka fè tèt ou. Lè w ap ekri ou bezwen pou w byen detann ou.

Anvan menm ou kòmanse ekri, epi petèt genyen konkou powèm nan tou, pèmèt mwen prezante w kèk mo teknik yo itilize nan pwezi. Èske w deja wè yon sonè ? Oswa, ou te deja tande pale de ayikou ? Non, mwen pap pale grèk. Se yon seri fòm popilè nan pwezi ki te kreye depi plizyè syèk.

Se de pwen debaz ki konpoze pwezi. Ritm ak mèt. Anrapò ak ritm, mwen pa kwè mwen gen anpil bagay pou m di. Nou jwenn ritm toupatou bò kote nou. Nan statyon otomobil, nan lekòl, nan biwo, menm andedan kò nou. Kè nou se yon batè ki pa janm pran souf … Mèt la li menm se stikti, stil ou fòm ritm yo pran. Li varye de yon powèm a yon lòt.

Gen plizyè stil ekri e gen anpil figi nan langaj tou. Metafò, alegori, paralelism se kèk nan sa ki itilize plis yo. Mwen pral ba’ w de egzanp pou w ka konprann pi byen.

“Bibit li di tankou yon wòch” → Sa a se yon paralèl.

“L ap farinen chen ak chat” → Sa a se yon metafò.

Mwen panse ke ou wè pwen an.

Anfen, mwen pral eseye ba’ w kèk mezi jeneral pou ede w òganize ide w pou w kòmanse ekri powèm lan.

Premye etap

Tankou nou te di sa pi wo a, eseye detann ou … Pinga w presipite… Pèsòn moun pap kouri dèyè w … Anvan w chita pou w ekri, pran yon bon beny, koute chante prefere w yo nan lektè MP3 oswa fè nenpòt lòt bagay ki ka detann. Se toujou yon bon ide pou jwenn yon bagay pou detann ou, sa ap ede w konsantre.

Dezyèm etap

Pran fèy papye ki devan w lan epi kòmanse ekri sa k vin nan tèt ou. Wi, nenpòt bagay ! Sonje ke lè ou fini ak redaksyon powèm sa a w ap konsidere l tankou pitit ou. Ouvri kè w. Pa eseye pou w tou jwenn mo egzakt pou w rime powèm nan kounye a. — Se pa tèks yon chante w ap ekri ki ap bezwen pou w rime l. — Epi pote chanjman yo aprè si sa a nesesè.

Twazyèm etap

Fòk powèm nan bèl, se sa ki pi enpòtan… Al’ chèche tout bèl souvni w te genyen nan vi ou jouk rive jodi a … Ou ka menm pran move souvni tou… Panse ke ou se yon pent. Sonje lè ou te yon timoun e w te konn desine gwo kay, bèl forè vèt, tèt mòn ki chaje nèj … Sèlman, fwa sa a, penso w se kreyon w. Mwen ap repete l ankò, ouvri kè ou. Gen yon pati nan ou menm nan powèm lan. E tout sa ou gen nan kè ou pa ka pa bèl.

Katriyèm etap

Pataje travay mantal ou a. Sa lòt moun panse toujou enpòtan. Fè kèk zanmi w wè powèm ou an e mande yo sa yo panse de li. Sof si ou panse ke sa w ekri a twò pèsonèl pou menm meyè zanmi w oswa yon sè w pa ta ka li l. Sa depann de ou menm. Men, an jeneral, montre powèm ou an a pi bon zanmi w e li l pou lòt moun tande ap ede w anpil. Sa ap amelyore ou menm kòm yon ekriven e l ap ankouraje w pou w renmen ekri plis toujou. Èske w ka imajine si okenn nan powèt yo pa t’ janm pibliye travay yo ? Mond lan an antye t’ ap vid e li t’ ap pòv mantalman.

Sonje sa a: Ou kapab fè yon bagay. Ou ka ekri sou sa ou vle. Si w kwense e ou pa gen ide pou w kòmanse travay, fè yon ti pwomenad nan yon pak. Gade tout moun ki bò kote w. Obsève yo. Gade yo tou dwat nan je yo. Je pa janm bay manti. Bagay konsa ka enspire w e motive w anpil. Lè ou wè tout bagay enjis ki ap fèt devan ou, lè ou wè povrete, lè ou wè timoun k’ ap kriye,… pran penso w. E ekri ak tout kè w … Tout sa ki soti nan fon kè w pa ka pa bèl.
FÈ KÒMANTÈ LA A NAN FOWÒM LAN


LIVE TV - Click Here!



BuildTraffic.net

share
 

Fè yon ti egzèsis !

English | Español | Français

Eseye li tèks ki vin apre a:

Si uo ka li sa a, uo gne yno svèo etnoan. Èkse ou kaapb li tsèk sa a ? Se smèlan 55 muon suo sna ki kpaab. Mewn pa ka kwè mewn wè ke mewn ka kproannn sa m li la a knouye a. Se pa ti fmeenonal svèo ke Jvoaew ban nou an fmeenonal ! Dpare rcheèch ki fèt nan Inèivsite Cmabridge, lòd ltè oy psale yo pa gen garn entpòans, sèmlan bgaay ki entpòan an se pou yo plsae preyme lèt la aak dèyne nan bon pals la. Reozn an se psake svèo a pa li mo yo lèt pa ltè, mne ptio kòm yo tuot anansm. Sa entoan se pa vre ? Mewn te tjouou pnase ke li enòtapn pou w konnen òtograf la ! Si ou kaapb li ptaaje l ak znami w !!!

Eske ou konprann ? Ki mo ki te pi difisil ? Kite yon kòmantè !

Yon atik enteresan: Kèk virelang


LIVE TV - Click Here!



share
 

Kèk virelang

English | Español | Français

Yon virelang se yon fraz (oswa plizyè fraz) ki gen karaktè amizman.Anpil fwa yo difisil pou tande mo ki konpoze l yo oswa pou konprann yo, pafwa yo gen tou de karakteristik sa yo. Anpil fwa yo se fraz ki difisil pou konprann e yo konn bay enpresyon yo nan yon lang etranje. Yo souvan itilize yo kòm egzèsis pou devlope yon stil langaj fleksib e rapid.
Eseye li virelang sa yo. Si ou konnen kèk ou ka poste yo nan yon kòmantè.

Eseye li omwen 5 fwa avèk ak yon vitès rapid:

  • Anba pla pye frè Pyè plen pyan.
  • Se sèl chyen ki ka chase chat.
  • Senk chyen ap chase sis chat.
  • Sèt tèt chat nan chak sak.
  • Sis san swasant sis sosis san sòs.

Kilès ladan yo ki pi fasil ? ki pi difisil ? Èske ou konnen kèk virelang ? Tanpri pataje avèk zanmi ou e poste kòmantè.

Yon atik enteresan: Fè yon ti egzèsis !


LIVE TV - Click Here!



share